LARES, DJINE CLAUDY
Description
Dijne Claudy Lares se ko-fondatè ak PDG FXKADASH Academy, e li se moun ki mete Jounal Trading sa a sou pye pou ede tout traders — kit ou nouvo, kit ou
...
gen eksperyans — bati yon baz solid ak yon plan ki klè pou reyisi sou mache finansye yo. Apre plizyè ane eksperyans kòm DAY TRADER, kote li te fè fas ak pwoblèm tankou trade san plan, overtrading, ak pèt repete, li te rann li kont sa ki manke anpil traders se estrikti, refleksyon, ak disiplin.
Se pou tèt sa li kreye Jounal sa a kòm yon zouti entelijan, pa sèlman pou ekri tranzaksyon, men pou akonpaye ou nan chak etap — depi analiz teknik ak fondamantal mache a, jiska leson ou aprann apre chak pozisyon.
Jounal sa a se pa yon kaye paj blanch pou w pran nòt, men yon zouti devlopman pou tèt ou:
• Pou w metrize plan ou
• Pou w kontwole emosyon ou
• Pou w suiv pèfòmans ou
• Pou w aprann de siksè men sitou de erè ou yo
Li entegre estrateji avanse tankou SMC, Supply & Demand, ak Price Action, epi mete ou nan kondisyon pou ou vin pi entèlijan, pi disipline, ak pi konsistan sou mache yo.
“Jounal Trading” se pa yon opsyon, se obligasyon chak trader ki vle avanse.”
Nou kwè chak trader gen kapasite pou reyisi — men li bezwen zouti, vizyon, ak aksyon. Jounal sa a se refleksyon filozofi FXKADASH Academy: Analize, Planifye ak Egzekite.
Read more