Romy Jean Francois
Description
Sèt (7) powèm pou Kalinda pa nenpòt serenad mo, li se yon dans, yon batman petwo, yon chalè lanmou, yon soukous kè, ak yon koutpwen ki pa sa bliye dem
...
en. Se yon lespri lib, lòlòy sou vag laperèz, kote mo yo goumen ak move tan, move lawon, kote pwezi tounen mouvman kò.
Powèt la trennen pote vini, tout yon tabliye listwa. Kalinda se yon dans k ape danse nan san nou, yon batay djougan djougan depi Lafrik k ape kontinye liminen nan kè peyi d Ayiti. Nou konprann toutbon, Kalinda, pa sèlman yon dans, men pito yon tanbou ki louvri pòt pou solèy, yon kout rèl gwo minui pou reveye douvanjou. Liv sa a chante rebèl nan mitan kowònay silans. Se yon priyè pou idantite.
^
Marc H'ley Charles fèt nan komin Lachapèl yon 19 Septanm. Li gen pou non plim Celeb Rezistans Lumumba akoz lanmou l ak respè l pou Patrice Lumumba (lidè Panafrikanis e liberatè peyi Repiblik Demokratik Gongo) ak Mentò li ki te rele CELEB LMI. Pou rann de mesye sa yo pi gwo omaj yo merite a, Marc H'ley deside rantre ak fòs nan batay pou sa ki pi fèb yo e batay pou lang Kreyòl ak literati sou non sa a. 7 Powèm pou Kalinda se premye rekèy li pibliye.
Read more